TÈM AK KONDISYON SÈVIS TRANSFÈ LAJAN WESTERN UNION®

W ap fè yon akò selon Tèm ak Kondisyon Transfè Lajan sa yo ( “Tèm”) avèk yon afilye lisansye Western Union (“Nou“, “Pou nou” oswa “Nou menm” fè referans ak antite Western Union ki aplikab k ap ofri sèvis selon lisans li yo) pou Sèvis Nou yo nan peyi a apati kote Ou voye yon Tranzaksyon (“Peyi Transfè a Soti”). Lè ou voye lajan Ozetazini oswa nan teritwa li yo, sèvis Western Union®, Vigo® ak Orlandi Valuta® se Western Union Financial Services, Inc. (“WUFSI”) ki bay yo. Lè ou voye lajan andeyò Etazini, se WUFSI ak Western Union International Services, LLC (“WUIS”)ki bay sèvis sa yo ansanm. WUIS bay pati Sèvis sa yo ki pa fèt Etazini. Lè ou voye lajan nan peyi Kanada oswa apati peyi Kanada, se Western Union Financial Services, Inc. (Canada) ki bay Sèvis yo. Tout pati Sèvis yo (Etazini, non-Etazini, ak Canada) soumèt anba Tèm ak lalwa ki aplikab yo. Nou bay lòt sèvis finansye tou ki pa tonbe anba Tèm sa yo (tankou sèvis dijital sou pòtfèy). Pou itilize lòt sèvis finansye sa yo, ou kapab oblije dakò tou ak tèm ak kondisyon ki aplikab pou sèvis patikilye la.

PATI A: ENTWODIKSYON

Tèm sa yo aplike nan Sèvis Nou yo jan sa defini anba a. Lè w itilize Sèvis Nou yo, ou konfime Ou aksepte Tèm sa yo epi Ou dakò pou respekte yo. Si Ou pa dakò ak Tèm sa yo, Ou pap kapab itilize Sèvis Nou yo. Nou rekòmande pou Ou enprime oswa anrejistre yon koppi Tèm sa yo pou referans alavni.

Nenpòt lè epi san responsablite, nou kapab modifye oswa kanpe tout oswa yon pati nan Sèvis yo (sa ki gen ladan aksè nan nenpòt lyen tyès pati); chaje, modifye oswa anile kèk frè ki lye ak Sèvis yo; oswa ofri Sèvis yo, oswa kèk nan Sèvis yo, bay kèk oswa tout itilizatè yo.

I. ALÈT FWÒD POU KONSOMATÈ: PWOTEJE TÈT OU KONT ANAK AK FWÒD

PWOTEJE TÈT OU, FÈ ATANSYON LÈ YON ETRANJE MANDE W POU VOYE LAJAN POU LI, ESPESYALMAN POU VANT OZANCHÈ SOU ENTÈNÈT, ÒF NAN JOUNAL OSWA NAN TELEFÒN. DONE TRANZAKSYON W YO KONFIDANSYÈL EPI OU PA DWE PATAJE YO AVÈK YON LÒT MOUN KI PA BENEFISYÈ W LA. SÈVIS TRANSFÈ LAJAN AN SE POU VOYE LAJAN BAY MOUN OU KONNEN EPI FÈ KONFYANS EPI KI NAN PEYI DESTINASYON KI ENDIKE NAN FÒMILÈ A NAN MOMAN W AP PRAN SÈVIS LA. Pa divilge Nimewo Kontwòl Transfè Lajan an (“MTCN“ nan) oswa nenpòt detay Tranzaksyon w lan ak okenn moun ki pa Benefisyè w la. POU JWENN PLIS ENFÒMASYON SOU FASON POU PWOTEJE TÈT OU KONT FWÒD VIZITE PAJ SANSIBLIZASYON KONT FWÒD WESTERN UNION NAN.

II. TÈM KI DEFINI YO

Tèm sa yo pral gen ladan definisyon ki defini anba a. Nenpòt lòt tèm ki defini nan parantèz yo nan seksyon aplikasyon an. Mo ki souliye yo nan Tèm sa yo genyen ipèlyen pou plis enfòmasyon.

“Kat Bankè” fè referans swa ak yon kat debi oswa yon kat prepeye epi, kote sa aplikab, yon kat kredi (tankou yon Visa oswa Mastercard).

“Peman Fakti” fè referans ak yon sèvis ki disponib nan kèk peyi ki pèmèt kliyan yo pwograme, jere, ak fè peman bay divès antrepriz ki bay fakti yo.

“Emetè Kat” fè referans ak emetè ak pwopriyetè yon kat Bankè.

“Biwo” fè referans ak lye kote Ou ka transfere epi resevwa lajan oswa nan kèk peyi peye yon fakti an pèsòn avèk Nou. Sa gen ladan divès kote tankou bank, sipèmache, enstitisyon finansye, biwo postal, kyòsk ak lòt detayan.

“Aplikasyon Mobil” fè referans ak yon aplikasyon mobil ke Etazini mete disponib pou kosomatè yo itilize Sèvis yo.

“Benefisyè” fè referans ak moun ke Ekspeditè a deziyen pou resevwa lajan yo epi gen ladan emetè fakti nan sèvis Peman Fakti a.

“Ekspeditè” fè referans ak moun ki te kòmanse yon transfè lajan oswa Peman Fakti atravè Sèvis Nou yo.

“Sèvis” vle di sèvis finansye sa yo ki defini nan Pati B (I.) nan Tèm sa yo.

“Transfè Lajan Nan Telefòn” fè referans ak yon sèvis kote yon konsomatè kòmanse yon transfè lajan pandan l ap rele yon nimewo telefòn ki la pou sa, an jeneral pandan l ap pale ak yon reprezantan sèvis kliyantèl oswa atravè itilizasyon yon sistèm otomatik.

“Tranzaksyon” fè referans ak yon transfè lajan ke yon Ekspeditè kòmanse atravè Sèvis Nou yo apre resepsyon yon peman ki valid nan men Ekspeditè a.

“Dat Kòmansman Tranzaksyon” fè referans ak yon dat lè Ou kòmanse yon transfè lajan oswa Peman Fakti atravè Sèvis Nou yo epi Demann ou an otorize epi soumèt pou tretman.

“Sit Entènèt” fè referans ak sit entènèt kote Nou fonksyone a pou bay Sèvis Nou yo.

“Ou” oswa “Ou menm” fè referans ak tout ak nenpòt moun ki itilize Sèvis Nou yo antanke yon Ekspeditè.

PATI B: TÈM SÈVIS JENERAL YO

I. SÈVIS NOU YO

1. Jeneral Sèvis nou yo gen ladan transfè lajan entènasyonal oswa domestik ak sèvis Peman Fakti (kote yo legalman otorize epi disponib). Chak Tranzaksyon resevwa yon nimewo tranzaksyon endividyèl, MTCN nan.

2. Itilizatè ki Elijib. Pou itilize Sèvis yo, Ou dwe (i) satisfè egzijans laj minimòm nan epi (ii) gen kapasite legal pou aksepte akò yo avèk Nou nan Peyi Transfè a Soti a selon lalwa ki aplikab la. Benefisyè a dwe satisfè egzijans laj minimòm nan peyi Benefisyè a.

3. Transfè Lajan. Lè Ou bay enfòmasyon ak dokiman ki nesesè epi aksepte Tèm sa yo pou fè yon transfè lajan, Ou mande Nou pou fè yon Tranzaksyon espesifik. Chak Tranzaksyon se yon akò separe ant Ou menm avèk Nou, sèlman pou transfè lajan sa a. Nou pa gen obligasyon pou jere okenn transfè lajan alavni selon akò sa a.

4. Aksè nan Sèvis yo. Nou bay sèvis nou yo atravè Biwo yo, Sit entènèt la, Aplikasyon Mobil la, oswa sèvis Transfè Lajan nan Telefòn nan. Si Ou jwenn aksè nan Sèvis yo atravè yon aparèy mobil oswa yon telefòn, Founisè sèvis san fil ou a, oswa operatè rezo mobil ou a kapab aplike frè estandan, tarif sou done, ak lòt frè.

II. FRÈ AK PEMAN

1. Frè Transfè. Pou sa ki konsève itilizasyon Sèvis Nou yo, Ou dakò pou peye Nou yon frè pou chak transfè lajan Ou kòmanse nan tarif ki aplikab la nan moman sa a (“Frè Transfè” a), plis nenpòt taks aplikab ki obligatwa. Ou pral resevwa Frè Transfè a pou Tranzaksyon W lan anvan otorizasyon final Ou a pou tranzaksyon an, anplis de nenpòt frè pou nenpòt lòt sèvis ak nenpòt taks ki aplikab. Nan kèk ka, peman pou bay yon Benefisyè pou yon transfè lajan kapab soumèt anba taks lokal ak frè sèvis yo.

2. Echanj Deviz Etranje. ANPLIS DE FRÈ TRANSFÈ A, NOU FÈ LAJAN LÈ NOU CHANJE DEVIZ OU A NAN DEVIZ ETRANJE. Nou jeneralman peye transfè lajan entènasyonal yo nan deviz ke peyi destinasyon an otorize a. Si yon Tranzaksyon egzije pou Deviz Ou a konvèti nan yon lòt deviz, nou pral fè konvèsyon an nan to echanj ki aplikab nan moman an menm jan sa afiche oswa pataje avèk Ou anvan otorizasyon transfè final ou a. Nou pral konvèti deviz la nan moman transfè a, epi Benefisyè a pral resevwa montan deviz etranje ki endike a. Yo defini to echanj konsomatè a pandan y ap ajoute yon maj nan to entèbank ki disponib pou Nou nan mache an gwo a. To echanj yo chanje plizyè fwa pa jou selon mache finansye mondyal yo. Nou kenbe nenpòt diferans ant to echanj Nou resevwa ak to echanj Ou resevwa a. Frè Transfè ki aplikab la ak to echanj lan kapab varye selon deviz peman ki seleksyone a. Pou konnen to aktyèl echanj deviz yo, tanpri vizite Sit Entènèt Nou an oswa kontakte Nou pandan w ap itilize enfòmasyon kontak ki endike anba a.

Lawa lokal nan kèk peyi egzije pou deviz la konvèti nan moman ke y ap peye Benefisyè a lajan an. Si se sa, to echanj lan ak nenpòt montan ki endike oswa ki pataje avèk Ou kapab soumèt anba to fliktiyasyon to echanj yo ant lè Ou fè transfè a ak lè Benefisyè a resevwa lajan an.

Kèk peyi dakò pou fè peman yo bay Benefisyè yo nan plizyè deviz. Si se sa, Ou dwe seleksyone deviz peman an nan moman Tranzaksyon W lan. Kèk peyi kapab pèmèt yon Benefisyè resevwa yon peman nan yon lòt deviz ke Ou te seleksyone. Nan ka sa yo, li kapab konsidere kòm yon lòt tranzaksyon, epi Nou kapab fè plis lajan lè Lajan w lan konvèti nan deviz ke Benefisyè a seleksyone a.

3. Notifikasyon ak Frè SMS yo. Notifikasyon SMS (Sèvis Mesaj Kout) kapab disponib pou enfòme Ou menm ak/oswa Benefisyè w la konsènan detay enpòtan sou Tranzaksyon W lan. Frè ke yon operatè rezo mobil aplike yo se sou responsablite Ekpeditè oswa Benefisyè a sèlman. Nou pa responsab pou okenn frè ki asosye ak mesaj SMS yo. Sou rezèv lalwa ki aplikab la, yo pral voye SMS la sou nimewo mobil Ekspeditè ak/oswa Benefisyè a nan moman Tranzaksyon an.

4. Frè Administrasyon. Tranzaksyon ke Ou pa retire oswa anile nan yon delè 1 an apati dat yo voye l la pral soumèt anba yon frè administratif ki pa ranbousab ki ka menm rive nan yon chaj $0.50 maksimòm pa mwa apati dat anvwa a, men li pa kapab plis pase $42.00, yo pral retire nan montan yo voye a (oswa si chaj sa a pi plis pase montan maksimòm lalwa otorize, montan maksimòm lalwa otorize).

5. Itilizasyon Yon Kont. Ou kapab anmezi pou voye oswa resevwa lajan de yon kont oswa sou yon kont bankè, yon Kat Bankè, yon pòtfèy dijital, yon emetè fakti, oswa yon lòt tip kont (yon “Kont”). Kont lan ofri atravè yon bank oswa yon lòt founisè (yon “Founisè Kont”) ki kapab faktire W yon frè siplemantè. Ou dwe suiv akò a avèk Founisè Kont lan lè Ou itilize yon Kont. Nou pa responsab pou okenn frè oswa pwoblèm ke Founisè Kont lan lakoz. Si Ou voye oswa resevwa lajan nan yon lòt deviz ki pa deviz Kont ou an, Founisè Kont lan kapab chanje deviz la nan pwòp tarif yo oswa rejte transfè a. Nou sèlman aksepte peman epi voye lajan sou Kont ki itilize pou rezon pèsonèl, pa biznis. Lè nou bay enstriksyon sou tranzaksyon yo, Ou konfime ke Kont ki asosye yo se pou itilizasyon pèsonèl sèlman. Nou kapab itilize diferan metòd pou trete transfè yo pou ale oswa pou soti sou yon Kont. Si Ou ba Nou yon nimewo kont ki pa bon oswa lòt enfòmasyon pou Kont lan, N ap transfere lajan an sou nimewo kont Ou te bay Nou an. Nou pa responsab pou okenn erè Founisè Kont lan oswa erè Ou fè. Nou kapab faktire W frè siplemantè pou itilize yon Kont; Nou pral di Wmfrè yo anvan Ou fè yon transfè.

Lè w kòmanse yon Tranzaksyon de yon Kont, Ou (i) konfime Ou se pwopriyetè Kont lan epi ou gen otorite pou lanse Tranzaksyon an, (ii) otorize Western Union pou lanse debi ak/oswa kredi elektwonik sou Kont Ou pou trete epi korije erè si yon Tranzaksyon pa ka finalize, epi (iii) otorize Nou pou resoumèt debi elektwonik yo sou Kont ou a nan ka pa gen ase lajan nan moman debi orijinal la.

Nou pa pral gen responsablite anvè Ou menm: (1) Ou pa gen ase lajan disponib sou Kont Ou; (2) Kont Ou fèmen oswa retrè yo limite; (3) Tranzaksyon an depase montan an oswa frekans ke Nou menm oswa Founisè Kont ou an enpoze yo; (4) sikonstans ki pa sou kontwòl Nou (tankou inondasyon, dife, pàn kouran, pàn mekanik oswa pàn nan sistèm nan); (5) Founisè Kont ou an pa onore yon Tranzaksyon, Founisè Kont ou an pa trete ni retounen tranzaksyon an; (6) Enstriksyon ou yo pa konplè, pa kòrèk oswa retade nan transmisyon bay Nou; (7) Nou pa rive trete tranzaksyon Ou an akoz yon pwoblèm sekirite ki rezonab oswa opsyon Sèvis la kanpe oswa sispann, oswa N ap enfòme w otreman ke Tranzaksyon W lan pa pral trete; epi (8) lòt eksepsyon ke lalwa otorize.

6. Opsyon Peman. Ou dakò ke Ou pral peye Nou Frè Transfè a ak lòt frè ki aplikab yo pou chak Tranzaksyon Ou kòmanse atravè Sèvis Nou yo. Opsyon peman yo kapab varye selon Peyi transfè a soti a. Ou kapab peye pou Sèvis yo pandan w ap itilize yon Kat Bankè nan Peyi Transfè a Soti a oswa atravè metòd peman ki aplikab yo. Epitou ou kapab peye avèk lajan kach nan Biwo a oswa itilize lòt opsyon peman ki disponib yo. Total ki dwe a sipoze peye avan Nou trete Tranzaksyon an. Si Ou peye avèk yon Kat Bankè epi Nou pa resevwa otorizasyon nan men Emetè Kat Bankè a (oswa Pwofesyonèl Kont Ou an, nan ka Automated Clearing House (“ACH”), oswa lajan ki otorize atravè yon ID peman ), Tranzaksyon an p aptrete, epi lajan an p ap transmèt bay Benefisyè w la. Chak fwa Ou itilize Kat Bankè Ou a oswa ACH pou peye pou Sèvis yo, Ou dakò ke Nou gen otorizasyon pou faktire Kat Bankè ki deziyen pou Ou a oswa Kont ki aplikab la pou total ki dwe a (sa ki gen ladan montan prensipal la, Frè Transfè, frè ki lye ak to echanj ak nenpòt lòt frè oswa taks ki aplikab yo).

III. PEMAN TRANZAKSYON

1. Metòd Peman yo. Nou mete aladispozisyon Benefisyè a divès metòd pou resevwa lajan sa ki gen ladan men pa limite ak lajan kach nan yon Biwo, transfè dirèk sou yon kat debi, yon kont bankè, oswa sou yon pòtfèy dijital, kote sa disponib. Nan kèk peyi Benefisyè a kapab genyen yon opsyon pou chwazi yon metòd pou resevwa lajan an ki diferan de metòd Benefisyè a te seleksyone a oswa yon opsyon pou chanje deviz peman an. Ekspeditè a otorize Nou pou respekte chwa metòd ke Benefisyè a chwazi pou resevwa lajan an oswa deviz peman an menm si li diferan de enstriksyon Benefisyè a. Tout metòd peman yo soumèt anba disponiblite nan peyi ak Lye Benefisyè a.

2. Idantifikasyon Benefisyè W La. Pou etabli ke yon moun se Benefisyè reyèl Ou lè l ap rekipere lajan an nan yon Biwo, Benefisyè w la ta dwe prepare l pou bay tout non l, yon dokiman idantifikasyon, Non W, MTCN nan, ak montan apwoksimatif transfè a. Nan kèk peyi, Ou kapab chwazi ajoute yon kesyon tès. Si Ou fè sa, bay Benefisyè w la repons pou kesyon an. Nou kapab egzije Benefisyè a tou pou bay lòt enfòmasyon. Yo pral peye Tranzaksyon an bay moun Nou jije ki gen dwa pou resevwa l la selon enfòmasyon ak dokiman Benefisyè a bay la. Nou pa pral verifye detay adrès Benefisyè a. Nou kapab peye Benefisyè a menm si non Ou bay la ak non ki sou dokiman idantifikasyon Benefisyè W la diferan nan kèk fason ki minimal (men Nou pa gen okenn obligasyon pou peye l si non an diferan). Si Nou deside ke enfòmasyon yo bay la pa ase, Nou pral refize bay transfè a epi transfè a pral disponib pou kapab ranbouse W li. Pou tranzaksyon ki ale sou yon kont bankè, oswa sou yon pòtfèy dijital, Nou pral transfere lajan an sou kont Ou idantifye a. Si ta genyen yon enkonsistans ant mèt nimewo kont lan (sa ki gen ladan nimewo telefòn mobil oswa lòt enfòmasyon Ou bay pou idantifye kont Benefisyè a) epi ak non Benefisyè a, transfè a pral fèt sou nimewo kont Ou te bay la. Tanpri tcheke presizyon nimewo Ou bay la paske Nou repoze sou yo.

IV. RESTRIKSYON

1. Disponiblite. Disponibite Sèvis yo kapab varye selon peyi a ak jiridiksyon an epi li kapab chanje. Plizyè faktè ka enfliyanse disponiblite Sèvis la, sa ki gen ladan Sèvis espesifik ki seleksyone a, nenpòt opsyon livrezon retade, tèm espesyal ki aplikab nan chak Sèvis, montan ki voye a, peyi destimasyon an, disponiblite deviz la, pwoblèm nan reglemantasyon ak pwoteksyon konsomatè, egzijans nan zafè idantifikasyon, restriksyon sou livrezon, Lè fonksyònman yo, ak diferans nan fizo orè yo.

2. Moun oswa Tranzaksyon ki Entèdi. Selon egzijans legal yo, nou pa gen otorizasyon pou fè aktivite komèsyal ak kèk moun oswa nan kèk peyi epi Nou verifye Tranzaksyon yo selon yon lis moun ki deziyen ke divès antite gouvènman mete sanksyon sou yo, sa gen ladan Etazini, Inyon Ewopeyèn ak Wayòm Ini (UK). Si Ou menm oswa Benefisyè Ou a sanble koresponn ak lis la, Nou pral mande W plis enfòmasyon pou valide idantite W oswa idantite Benefisyè W la pa menm bagay ak moun ki deziye a. Sa kapab gen ladan lye ak dat nesans ak dokiman idantifikasyon. Sa pral retade Tranzaksyon an lè n ap detèmine si genyen yon korespondans. Nou kapab gen obligasyon pou jele lajan W lan selon lalwa.

3. Itilizasyon Ki Otorize. Si Ou fè oswa Ou eseye fè nenpòt Tranzaksyon ki vyole Tèm sa yo ak politik nou yo (sa ki gen ladan politik ki la pou anpeche fwòd, blanchiman lajan ak finansman teworis), oswa si Ou te aji avèk entansyon pou fè fwòd oswa ou te kontribye nan move itilizasyon done Tranzaksyon an avèk tout entansyon W oswa atravè gwo konpòtman neglijans, Nou kapab refize ba W tout oswa yon pati nan sèvis nou yo; epi nou gen dwa pou egzèse nenpòt nan dwa Nou yo ki endike nan Tèm sa yo; epi/oswa deklare Tranzaksyon an bay ajans fòdelòd legal ki apwopriye yo; epi/oswa reklame tout pèt ak domaj nan men W pou nenpòt Tranzaksyon ki pa otorize. Yon fason espesifik, pa itilize Sèvis nou yo pou vyole okenn lalwa, sa ki gen ladan men pa limite ak: (i) finanse teworis, (ii) blanchi lajan, (iii) peye televandè (Etazini sèlman), (iii) achte pwodui tabak oswa (iv) favorize nenpòt krim sa ki gen ladan fwòd, vòl, oswa jwèt daza ilegal. Nou pa yon founisè sèvis pou konsève byen oswa lajan. Pa itilize Sèvis yo pou konsève lajan. Si Nou refize bay Sèvis Nou yo (an pati oswa tout) pou Ou pou nenpòt rezon ki anwo a, N ap enfòme W, si posib, epi Nou pral bay rezon ki fè Nou refize l la sof si yo anpeche Nou fè sa pou rezon oswa sekirite legal. Lè Ou itilize Sèvis Nou yo, Ou sètifye ke itilizasyon Ou menm ak Benefisyè w la legal, otorize, epi pa vyole tèm sa yo.

V. VI PRIVE

Li enpòtan anpil pou Nou pwoteje vi prive W. Tanpri revize Deklarasyon Konfidansyalite Western Union Mondyal a pou pi byen konprann angajman Nou pou konsève vi prive W, ak itilizasyon ak divilgasyon Nou fè ak enfòmasyon W yo.

VI. LIMIT RESPONSABLITE

NOU P AP RESPONSAB POU OKENN DOMAJ POU RETA, PEMAN KI PA FÈT OSWA PEMAN KI PA FÈT KONPLÈ, OSWA NENPÒT LÒT MESAJ KI PA LIVRE, KESESWA SE ATRAVÈ NEGLIJANS BÒ KOTE ANPLWAYE OSWA PATNÈ NOU YO OSWA YON LÒT FASON, ODELA EKIVALAN MONTAN AN JISKA US$500 (ANPLIS DE RANBOUSMAN SOU KONT PRENSIPAL TRANSFÈ LAN AN AK FRÈ TRANSFÈ A), EKSEPTE LÈ LALWA LOKAL YO ENTÈDI SA. NOU P AP RESPONSAB POU OKENN DOMAJ ENDIRÈK, ESPESYAL, PA AKSIDAN, OSWA DOMAJ KONSEKITIF. MALGRE SA KI SUIV LA, NOU PA EKSKLI RESPONSABLITE POU OKENN KONDISYON OSWA GARANTI KE LALWA PA KA EKSKLI SA KI GEN LADAN NENPÒT GARANTI KI PA KLÈ DAPRÈ L SÈVIS YO PRAL BAY AVÈK BON JAN SWEN AK KONPETANS. RESPONSABLITE NOU POU VYOLASYON KONDISYON SA A OSWA GARANTI A PRAL LIMITE AK SA KI PI ELVE POU BAY SÈVIS KI AFEKTE A ANKÒ AK MONTAN EKIVALAN JISKA US$500, EKSEPTE KOTE LALWA LOKAL YO ENTÈDI SA.

OU KAPAB GENYEN LÒT DWA SELON LALWA LOKAL OU YO, SA KI GEN LADAN FRÈ DEPANS AVOKA POU FÈ YON POUSWIT, EPI OU KAPAB SWETE EKSPLORE DWA SA YO.

NOU PA GARANTI LIVREZON NI ADEKWASYON OKENN BYEN OSWA SÈVIS KI PEYE ATRAVÈ SÈVIS TRANSFÈ LAJAN NOU YO.

VII. PLENT, LALWA KI APLIKAB, DISPIT

1. Lalwa ki Aplikab. Tèm sa yo jere pa lalwa Kolorado a san konsidere konfli nan règ dwa yo lè Ou voye lajan Ozetazini, oswa nan teritwa li yo epi selon lalwa Ontario a san konsidere règ konfli dwa yo; depi, sepandan, si domisil oswa rezidans ou twouve l nan Quebec nan moman tranzaksyon an, se lalwa Quebec yo k ap pase. Nan ka nenpòt konfli ant Tèm sa yo ak lwa ki aplikab la, se lwa ki aplikab la k ap pase.

2. Abitraj. Sof si ou chwazi retire w tankou sa endike anba a, nenpòt litij ki genyen ant ou ak nou, nenpòt sosyete dominant yo, filial yo, afilye oswa patnè Western Union yo, oswa nenpòt anplwaye, dirijan oswa administratè, ki sòti oswa ki gen rapò ak yon tranzaksyon, pral rezoud pa yon abitraj final ki obligatwa. Abit la ap deside tou sa ki ka fèt nan abitraj. Sosyete dominant yo, filial yo, afilye oswa patnè Western Union yo, ansanm ak anplwaye, dirijan oswa administratè, konsidere kòm benefisyè tyès pati nan akò sa a. Abitraj la pral administre pa National Arbitration and Mediation (« NAM ») dapre Règ ak Pwosedi global yo pou rezoud litij, ki disponib sou https://www.westernunion.com/arbitrationinfo oswa lè w ekri nan 990 Stewart Ave., 1st Fl., Garden City, NY, 11530, epi yo eksplike kòman pou w kòmanse abitraj la. Ou pral responsab pou frè administrasyon yo, jiska $125. Nou ka redwi montan sa a si ou montre difikilte finansye. Akò sa a gouvène pa Lalwa Federal sou Abitraj la (Federal Arbitration Act), epi tout desizyon abitraj dwe soumèt anba yon konfimasyon jidisyè. Tout abitraj pral fèt sou baz endividyèl ; yo pa pèmèt aksyon kolektif oswa abitraj gwoup. Si yon pati nan paragraf sa a konsidere envalid, sa pap anile lòt pati yo. Si NAM pa disponib, pati yo oswa tribinal la ap chwazi yon lòt abit. Ou kapab retire w nan abitraj la konsènan yon tranzaksyon nan 30 jou apre ou kòmanse tranzaksyon an lè w rele 1-800-325-6000 (Western Union), 1-866-519-0433 (Vigo) oswa 1-800-515-5505 (OV).SI OU PA RETIRE W NAN ABITRAJ LA, OU RENONSE AK TOUT DWA NAN YON PWOSÈ DEVAN YON JIRI OSWA YON JIJ NAN TRIBINAL, EPI AK TOUT PATISIPASYON NAN YON AKSYON KOLEKTIF.

3. Plent. Si Ou gen yon plent sou Sèvis Nou yo, sa ki gen ladan ranbousman, tanpri vizite Paj Sèvis Kliyantèl Nou an, kote ou ka jwenn tout detay ak opsyon kontak ki espesifik ak Peyi Ou a. Nou kapab kontakte W si ou bezwen plis enfòmasyon. Nou pral ankete an pwofondè sou dosye a epi n ap bay yon repons ki detaye.

VIII. ENDEMNITE

Ou dakò pou endemnifye epi retire responsablite sou Nou, founisè Nou yo, vandè, founisè sèvis, ak filyal respektif yo, afilye, direktèm ajan, patnè, anplwaye, ak konsiltan yo pou tout reklamasyon oswa demann, sa ki gen ladan frè ki rezonab pou avoka, ki fèt pa nenpòt tyès pati oswa ki soti nan move itilizasyon Ou fè de Sèvis yo, Vyolasyon Ou yo nan Tèm sa yo oswa nenpòt lalwa, oswa vyolasyon W sou nenpòt dwa yon tyès pati.

IX. ANILASYON AK RANBOUSMAN

Selon lalwa ki aplikab yo, Ou kapab anile yon Tranzaksyon pou yon ranbousman, sof si benefisyè W la te deja pran lajan an oswa li te depoze nan moman Nou resevwa demann alekri Ou an. Demann pou ranbousman nou resevwa nan lespas 30 jou nan dat orijinal Tranzaksyon an te fèt la pral elijib pou yon ranbousman alafwa montan transfè a ak frè ki peye yo. Demann ranbousman apre 30 jou dat orijinal Tranzaksyon an te kòmanse a pral kapab resevwa yon ranbousman pou montan transfè a sèlman. Kote Nou te kolekte taks yo, taks yo pral ranbouse eksepte lè lawa oswa pratik lokal yo egzije sa yon lòt fason.

X. SÈVIS KLIYANTÈL

Si Ou detekte erè oswa ou rankontre pwoblèm avèk Sèvis Nou yo oswa si Ou pa satisfè ak Sèvis Nou yo, tanpri vizite paj Sèvis Kliyantèl Nou an. Reprezantan nou an pral mennen ankèt sou enkyetid Ou yo san patipri epi san pèdi tan.

XI. LÒT ENFÒMASYON

1. Atribisyon. Dapre lalwa ki aplikab la, Nou kapab transfere Akò sa a bay yon tyès pati san konsantman W.

2. Tout Akò A. Tèm sa yo fòme tout akò a ant Ou menm ak Nou menm epi li ranplase nenpòt akò anvan sa ki kapab egziste ant Ou menm avèk Nou.

3. Lang. Nou kapab bay Tèm sa yo nan plizyè lang pou fasilite w. Si vin genyen nenpòt diferans, se vèsyon Anglè a k ap pase, jan lalwa ki aplikab yo otorize sa.

4. Okenn Renonsiyasyon. Tèm sa yo ap toujou aplike menm si youn oswa plis nan dispozisyon yo pa valid, ilegal, oswa pa kapab aplike. Validite rès dispozisyon yo pap afekte.

5. Fòs Majè. Nou pap responsab pou okenn echèk oswa reta nan pèfòmans Sèvis yo nan mezi echèk oswa reta sa a lakoz pa yon bagay ki depase kontwòl Nou, sa ki gen ladan, men pa limite ak: chanjman nan lalwa ki aplikab yo; fèmti oswa endisponiblite enfrastrikti fizik ak rezo ki obligatwa; defo souveren; pàn kouran oswa entènèt; enstabilite sivil; lagè, ak trablemanntè, dife, inondasyon, oswa lòt katastwòf natirèl.

6. Separablite. Si yon tribinal ki gen jiridiksyon ki konpetan twouve nenpòt nan Tèm sa yo pa valid, ilegal oswa pa kapab aplike, nan ka pati sa a pral separe de tès Tèm nan, epi rès la ap rete valid epi aplikab nan tout mezi lalwa otorize sa.

7. Lòt Tèm Yo. Tèm sa a yo kapab konplete avèk tèm ki aplikab yo sou pwomosyon, pwogram referans, ak lòt tèm ki aplikab avèk Ou yo selon itilizasyon Ou fè de lòt pwodui ak sèvis Nou yo. Nan mezi ke yo jije nenpòt pati nan tèm sa yo antre nan konfli avèk Tèm sa yo, se Tèm sa yo k ap pase.