Tèm ak Kondisyon Western Union Rewards sa yo ranplase tout vèsyon ak kopi dokiman anvan yo ki genyen tèm ak kondisyon yo epi yo aplike apati 1ye, Jiyè 2026 .
Enfòmasyon Enpòtan pou Patisipan nan Pwogram Western Union Rewards la
Tèm ak kondisyon sa yo konstitiye akò ant ou menm avèk nou (Akò a) konsènan itilizasyon ou fè nan Pwogram Western Union Rewards la (“Rekonpans”)sèvis yo jan yo mete ajou detanzantan (“Sèvis yo” oswa “Pwogram” nan pou tout sèvis yo), ki pèmèt ou anrejistre done pèsonèl ou pou itilize nan tranzaksyon transfè lajan nan lavni, touche rekonpans fidelite, itilize lòt Sèvis ki nan lis nan pòtal Rekonpans lan [https://www.westernunion.com/us/en/rewards/home.html]. Lis Sèvis nou bay yo ka chanje detanzantan, si nou ba ou yon avi.
Lè ou enskri sou pòtay Rekonpans lan [https://www.westernunion.com/us/en/rewards/home.html], oswa atravè aplikasyon Western Union® nan (“chanèl dijital”), ou dakò ak Akò sa. Lòt tèm ak kondisyon yo ka aplike pou Pwogram nan selon preferans Sèvis ou yo. Si Sèvis yo disponib oswa aksesib atravè sèvis entèmedyè yo, lòt tèm ak kondisyon founisè entèmedyè yo ka aplike. Detay ak nenpòt lòt tèm ak kondisyon pou Sèvis sa yo ap disponib nan divès pwen sou pòtay Rekonpans lan [https://www.westernunion.com/us/en/rewards/home.html].
Founisè Pwogram nan, ansanm ak nenpòt kondisyon espesifik pou chak kote ki ka modifye oswa konplete Akò sa a, yo dekri nan Anèks Asi sa aplikab. Tanpri gade Anèks A pou plis detay ki gen rapò ak lokalizasyon w.
Ou ta dwe li Akò sa a epi kenbe yon kopi pou achiv ou.
- Enskripsyon nan Rekonpans yo.Pou jwenn aksè nan Pwogram nan, ou dwe gen omwen 18 lane epi rezide nan youn nan peyi Pwogram lan. Lis peyi ki nan pwogram nan ka jwenn isit la [https://www.westernunion.com/global/en/rewards.html]. Ou kapab enskri yon sèl fwa sèlman. Ou dwe bay non konplè ou, adrès rezidans ou, ak nenpòt lòt enfòmasyon nou mande ki nesesè. Nou ka refize aksepte enskripsyon ou a si ou pa satisfè kritè enskripsyon nou yo – si nou kapab, n ap eksplike poukisa nou te oblije refize ou (pa egzanp, si ou pa rezide nan peyi kote nou bay Pwogram nan). Ou pa bezwen yon itilizatè okenn lòt pwodwi oswa sèvis Western Union pou enskri nan Pwogram nan. Itilizasyon komèsyal entèdi, epi nou ka limite aksè oswa anile enskripsyon ou nenpòt ki lè selon pwòp diskresyon nou si ta gen nenpòt move itilizasyon.
- Kont Rekonpans Ou.Si nou aksepte enskripsyon w lan, n ap kreye yon kont anliy pou ou (Kont lan), sa ki pral pèmèt ou itilize Sèvis yo. Ou ka wè balans Kont Rekonpans ou ak istotik tranzaksyon ou yo nenpòt ki lè w konekte sou [https://www.westernunion.com/us/en/rewards/home.html]. Nou pral ba ou tou yon nimewo kont pèsonalize (Nimewo) ki asosye avèk pwofil kliyan ou an, ki pèmèt ou touche pwen sou transfè lajan Western Union® yo. Chak kliyan sipoze genyen yon sèl Kont Rekonpans. Kont Rekonpans ou ak Nimewo Rekonpans ou a se pou ou pèsonèlman, epi ou responsab pou pwoteje enfòmasyon ou yo (ki gen ladan kalifikasyon sekirite ou yo). Si w chwazi, oswa si yo ba ou, yon kòd idantifikasyon itilizatè, yon modpas, oswa nenpòt lòt enfòmasyon kòm yon pati nan pwosedi sekirite nou yo (Detay Sekirite), ou dwe trete enfòmasyon sa yo kòm konfidansyèl. Ou pa dwe divilge li bay okenn entèmedyè. Nou gen dwa dezaktive nenpòt Detay Sekirite, kit se ou ki chwazi li oswa nou menm ki asiyen li, nenpòt kilè, si nan opinyon rezonab nou, ou pa respekte nenpòt nan dispozisyon ki nan Akò sa a. Si w konnen oswa ou sispèk yon lòt moun apa ou menm, konnen kòd idantifikasyon itilizatè ou oswa modpas, ou dwe avize nou san pèdi tan.
- Pwogram nan.Enskripsyon nan Pwogram nan ba ou avantaj sa yo:
- Rekonpans: Ou ka touche pwen rekonpans (Pwen) pou chak Transfè kalifye ou fin fè avèk Nimewo ou epi ou kòmanse l sou chanèl dijital yo. Ou ka wè balans Pwen ou genyen kounye a, rekonpans ak avantaj ki disponib yo, ansanm ak kantite minimòm Pwen ki nesesè pou itilize yo lè w konekte sou Kont Rekonpans ou an. Ou ka itilize Pwen ou yo pou jwenn rabè sou frè tranzaksyon ou a (yo) pou yon pwochen Transfè kalifye sou chanèl dijital Western Union yo, oswa lòt òf pou itilize ki ka prezante detanzantan.
- Òf yo:Selon peyi w la, Pwogram nan ka ofri kontra eksklizif, tankou rabè, livrezon gratis, atik gratis oswa koupon pou machann entèmedyè yo (“Òf yo”). Nou rezève dwa pou chanje machann entèmedyè ki disponib yo oswa anile disponiblite òf yo selon pwòp diskresyon nou, san avètisman. Gen kèk Òf ou ka itilize plizyè fwa, alòske gen lòt ki pou yon sèl itilizasyon sèlman, sa depann de machann nan. Plis detay sou chak Òf, tankou dat ekspirasyon yo, ap disponib sou pòtay Rekonpans lan [https://www.westernunion.com/us/en/rewards/home.html].
PWEN FIDELITE
- Jwenn Pwen pou Transfè yo. Ou ka touche Pwen sèlman sou transfè dijital kote benefisyè a te resevwa epi li pa te retounen oswa ranbouse an antye oswa an pati. Si ou te fè yon Transfè avèk siksè men ou pa resevwa Pwen sou Kont ou pou Transfè a, tanpri kontakte nou jan sa endike nan seksyon Kontakte Nou an sou pòtay Rekonpans lan [https://www.westernunion.com/us/en/rewards/home.html]. Nou ka refize bay Pwen si nou pa ka verifye tranzaksyon an.
- Itilize Pwen ou yo. Ou ka itilize pwen ou yo lè w konekte sou [https://www.westernunion.com/us/en/rewards/home.html], aplikasyon Western Union nan, oswa kontakte nou pa nenpòt lòt mwayen ki disponib nan peyi kote Pwogram nan aplike a, nan moman ou vle itilize rekonpans ou yo. Si ou itilize Pwen ou yo, n ap aplike rabè a sèlman sou frè tranzaksyon nou yo pou yon pwochen Transfè kalifye(yo). Pwen ki te itilize yo pa ka sèvi ankò. Si yon tranzaksyon ki te bay oswa itilize Pwen yo anile, ranvèse, oswa pa fini, nou pral retire Pwen ki te bay pou tranzaksyon sa a.
- Enfòmasyon Enpòtan sou Pwen ou yo. Pwen yo touche ekspire 24 mwa apati dat pwen yo touche a, oswa pi bonè si ou menm oswa nou mete fen nan Akò sa a (epi fèmen Kont Rekonpans ou a). Pwen yo p ap rapòte enterè epi yo pa asire kont pèt. Ou pa ka achte, vann, konbine oswa transfere pwen nan okenn fason.
JENERAL
- Pwoteksyon Done. Pou nou kapab bay epi egzekite Pwogram nan, nou bezwen kolekte epi trete done pèsonèl ou yo. Fason nou kolekte, trete, epi pataje done pèsonèl yo jan sa dekri nan Deklarasyon Global sou Konfidansyalite Western Union nan, ki disponib sou [https://www.westernunion.com/global/en/privacy-statement.html] epi aktyalize detanzantan.
- Kontakte Western Union.Si ou vle kontakte nou, ou ka fè sa lè w konekte sou [https://www.westernunion.com/us/en/contact-us.html], aplikasyon Western Union nan oswa lè w rele nou nan youn nan nimewo ki nan seksyon Kontakte nou an. Pòtal rekonpans [https://www.westernunion.com/us/en/rewards/home.html] pandan lè travay regilye yo.
- Lè ou enskri nan Pwogram nan, ou dakò tou pou resevwa detanzantan imèl ak mesaj ki sible oswa pèsonalize (egzanp sou rezo sosyal ak lòt chanèl dijital) nouvèl, òf, sèvis, pwomosyon ak lòt kominikasyon konsènan Western Union ak/oswa lòt konpayi Western Union gen yon relasyon avèk yo. Ou ka chwazi pou pa resevwa kominikasyon sa yo nenpòt ki lè w dezabòne isit la.
- Tèm ak Responsablite Machann Entèmedyè yo. Nou ka fasilite aksè nan byen ak sèvis machann entèmedyè yo ofri atravè pòtay Rekonpans lan [https://www.westernunion.com/us/en/rewards/home.html]; sepandan, tanpri sonje nou pa founisè byen ak sèvis sa yo. Lè w itilize pòtay Rekonpans lan [https://www.westernunion.com/us/en/rewards/home.html] pou jwenn aksè nan sit yon machann entèmedyè, ou pral kite sit Western Union nan, epi nenpòt entèraksyon sou sit entèmedyè a pral anba kondisyon ak avi konfidansyalite sit sa a. Anplis sa, lè w ap itilize pòtay Rekonpans lan, ou antre nan yon kontra dirèkteman avèk machann entèmedyè a, pa avèk Western Union. Òf yo ka pa disponib nan tout peyi epi tèm epi depann de kondisyon espesifik machann entèmedyè a, ou ka jwenn
sou sitwèb machann nan oswa lè w kontakte yo dirèkteman. Valè ak kondisyon Òf yo ka varye selon machann nan, epi kèk eksklizyon ka aplike jan sa dekri nan kondisyon òf la ak sou paj magazen ki enpòtan an. Nenpòt byen oswa sèvis ki achte atravè pòtay Rekonpans lan [https://www.westernunion.com/us/en/rewards/home.html] gouvène pa règleman retou, echanj ak livrezon machann nan, kidonk li enpòtan pou revize kondisyon sa yo ak anpil atansyon. Itilizasyon rabè yo depann de apwobasyon machann nan oswa ajans swivi li a. Byenke n ap fè tout sa nou kapab pou bay aksè ak Òf yo, nou pa garanti disponiblite oswa validite okenn Òf espesifik. Nou pa responsab pou okenn pèt ki gen rapò ak sekirite, kalite, oswa livrezon byen ak sèvis ki achte atravè pòtay Rekonpans lan [https://www.westernunion.com/us/en/rewards/home.html], Epi tout pwoblèm dwe rezoud dirèkteman ak machann entèmedyè a. - Nou espere ou satisfè avèk Pwogram nan, men si ou vle pote plent ou ka kontakte nou jan sa endike nan seksyon Kontakte Nou an pòtay Rekonpans lan [https://www.westernunion.com/us/en/rewards/home.html].
- Ou pa gen dwa transfere okenn dwa oswa obligasyon ou anba Akò sa a.
- Lwa ki Aplike nan Akò sa a.Akò sa a dwe konkli epi entèprete nan lang Anglè. Si Akò sa a tradwi nan yon lòt lang, se pou rezon referans sèlman. Lalwa peyi kote w rezide a ap deside nenpòt kesyon legal konsènan Akò sa a, ak konsènan relasyon nou yo nan kad konklizyon Akò sa a. Tribinal peyi kote w rezide a ap kapab tou okipe nenpòt kesyon legal ki gen rapò ak Akò sa a.
- Si yon tribinal oswa yon regilatè pa otorize oswa jije yon pati nan Akò sa a pa efikas, rès la ap kontinye aplike.
- Chanjman yo.Nou ka fè chanjman nan Akò sa a pou nenpòt nan rezon sa yo: (a) akòz yon chanjman nan lalwa; (b) si chanjman an benefisye w, pa egzanp lè w ap prezante nouvo fonksyonalite Pwogram nan; (c) an repons a risk posib pou sekirite Kont Rekonpans ou an; oswa (d) chanjman rezonab ak pwopòsyonèl pou nenpòt lòt rezon nou pa ka prevwa, pa egzanp pou reponn a chanjman nan endistri nou an ki afekte fason nou vle ba ou sèvis nou yo. Ou ka resevwa yon notifikasyon pou chanjman pa imèl, SMS oswa nan Kont Rekonpans ou; nou ka notifye w tou de chanjman yo lè nou pibliye yo sou[https://www.westernunion.com/global/en/rewards.html]. Ou ka di nou ou pa aksepte okenn chanjman lè w kontakte nou jan sa endike nan seksyon Kontakte Nou an pòtay Rekonpans lan [https://www.westernunion.com/us/en/rewards/home.html] men sa pral mete fen nan Akò a. Si ou pa gen objeksyon ak chanjman an epi ou kontinye itilize Sèvis yo, n ap konsidere sa kòm akseptasyon ou pou chanjman an.
- Akò sa a ap kontinye jiskaske ou menm oswa nou menm mete fen nan li. Ou ka mete fen nan Akò sa a, ki gen ladan fèmen Kont Rekonpans ou a, nenpòt kilè. Si ou fè sa, patisipasyon ou nan Pwogram nan ap fini nan entèval trant (30) jou apre nou fin resevwa demann ou an. Nou ka ba ou yon avi pou mete fen nan Akò sa a, tankou fèmen Kont Rekonpans ou a, pou nenpòt rezon. Nou kapab tou mete fen nan Akò sa a (epi fèmen Kont Rekonpans ou a) pi vit si lalwa egzije sa, oswa si ou te vyole dwa yo oswa ou te andomaje yon enterè lejitim yon entèmedyè.
- Kondisyon sa yo.Nan mezi ou se yon kliyan sèvis transfè lajan Western Union yo, epi nan ka ta gen yon konfli ant kondisyon Akò sa a ak nenpòt lòt kondisyon, se kondisyon Akò sa a ki pral prime sèlman pou sa ki konsène itilizasyon Rekonpans ou fè nan limit konfli a.